Transpò piblik nan peyi Dayiti : yon anachi total kapital

Transpò piblik nan peyi Dayiti : yon anachi total kapital

Mwen pa gen machin prive. Kidonk pou m deplase al travay se machin transpò piblic mwen pran. E chak fwa m rive nan yon estasyon pou m ap gade jan l plase, eta machin yo e kantite moun chofè yo ap fè yo pran, m poze tèt mwen keksyon : eske gen lwa ki regile transpò nan peyi a ?  ki wòl sendika transpotè ak chofè yo ?ki antite ki jere estasyon yo ? enben nan rechech mwen fè ak ti ankèt mwen mennen men kèk repons mwen jwenn sou keksyon sa yo ak kèk lot reyalite anpil nan nou pat konnen.

Istwa transpò ak kad legal li

Transpò nan peyi a pa koumanse jounen jodya. Li soti lwen. Anfèt, li soti nan charyo, kawos, tren, bouwet, konatra pou  tonbe nan bwa fouye, taptap, yole, kamyon bwat epi vin ateri sou pappadap ak bus transpò moden ak school bus yo.

Nan peyi d Ayiti depi apre nou fin pran ledepandans nou resi vin gen gen yon dekrè sou koze transpò piblik nan dat 9 fevriye 1976 sou rejim tonton makout boutdi Divalier a. Depi lè rejim sa a pa la palman ayisyen pa janm fe okenn travay sou dekwè sa pou l ta fèl tounen yon lwa epi mete li ajou. Men nan lane 2017, gouvènman Jovenel Moise la a travè yon lwa, yo te pwopoze pou kreye yon estrikti ki rele ANATRANS( autorité nationale de transport routier) pou palye ak divès problèm nan sektè transpò a men palman an pat janm rive vote lwa sa a. 

Absans Bonjan lwa pou régule sekte sa a fè moun k ap evolye nan ladan l fè sa yo vle jan yo pito. Se sak fè chak jou yon chofè ka leve li ka deside fè sikwi li vle ak pri li vle. Ou jwenn nan sektè sa a tou anpil chofè ki pa gen lisans e majorite sa ki gen lisans yo pa panse nan « auto-école ». Ou jwenn tou nenpòt machin fè nenpòt kote, nenpòt machin fè trafik menmsi machin nan pouri nan tout kòl. Sak pi red la, chofè yo konn chaje machin yo depase kantite moun yo kapab pote nan sousi pou fè plis lajan nan vwayaj la.

Sendika yo 

Chak sikwi machine yo fè gen sendika pa yo epi gwo machin yo gen sendika pa yo e piti yo gen pa yo. Nan règ jeneral, yon sendika la pou l defann entere kolektif manb li yo e defann enterè sosyete a tou. Men nan ka transpò piblik la m pa vreman wè anyen k ap fèt apre pran lajan nan men chofè yo tout jounen anyen yo pa regle ankò. Tankou nan Bon-Repos sendika gwo school bus ki fè sikwi Bon-Repos/carrfour-aeroport rele APCPSC. Pou entegre sendika sa a mèt machin nan oubyen responsab la ap bay 3000 dola ht epi 300 dola ht chak samdi. Men mèt machin nan si se pa li menm k ap travay sou li, li lwe l pou ant 6000 a 7500 dola ht pa semèn.

Si n ap toujou konsidere ka gwo bus jòn ki fe sikwi Bon-Repos/ kafou-ayopò, apre lajan pou entregre sendika ak Lajan chak samedi a, gen lot kòb pou chofè a oubyen mèt machin nan bay toujou : tankou lajan parking (si ou pa genyen) ki se 25 dola ht chak jou, chak fwa machin nan fin chaje kit Bon-repos, kit se Carrefour-aéroport w ap bay 25 dola ht epi chak tan gen solda k ap vin tcheke w pou manje, bwason, fimen epi sa rive si machin nan pase nan de seri de zòn kote group ame yo ap batay fòk ou peye pasaj.

Men fòk nou di tou chofè machin nan oubyen mèt li gen dwa pa vle rantre nan sendika. Men le sa a machin ou an p ap ka chaje nan estasyon. Le sa a w ap lage a vid wa chaje nan rout.

Antite ki jere estasyon yo

Nan estasyon machin yo gen anpil lajan ki fèt. Chak machin ki fin chaje ou gen yon lajan yo takse w. gwo school bus yo peye 25 dola ht, pi piti yo 15 dola ht epi kamyonèt 5 dola ht( sikwi Bon-repos/kafou-ayopò). Se sak fè anpil group toujou vle se yo menm ki pou gen kontwòl estasyon yo. Se sak fè ou konn tande group ame yo ap fè gwo gè pou gen kontwòl estasyon yo. Nan yon ti ankèt mwen mennen, m jwenn pou pi piti gen 4 group moun/antite ki jere estasyon yo: gen lameri, lapolis, sendka chofè yo epi group ame yo. Men nan 4 group sa yo se group ki pi pwisan an ki plase prezidan estasyon an e se menm group sa a k ap jwenn plis lajan chak weekend. 

Antite ki fikse pri machin yo ak sikwi yo

Nan peyi Dayiti se Ministè Afè Sosyal ak Travay nan tèt kole ak sendika yo ki fikse pri kous machin parapò ak pri gaz la epi sikwi yo. Men pa preske gen chofè nan peyi a ki respekte bagay sa a sitou sa ki pa fè provens yo. Tankou si w ap konsidere Bon-repos, ou gen dwa pral kafou Ayopò nan maten ou peye 25 goud epi nan apre depi gen anpil blokis chofè yo monte  kous la 50 goud. Sak pi rèd la yo konn pa menm rive nan estasyon an yo lage l nan bout wout epi se  yon moto pou pran pou 50/100 goud oubyen yon ti kamyonet pou 10 goud pou lage w  nan estasyon an si toutfwa se la w ap rive. Malgre tout dezod sa yo, chofe yo pote pasaje yo tankou bet. Se tankou lè kolon fransè t ap brote esklav nan negriye a vin lage sou tè peyi Dayiti. Bus la mèt fin chaje kou legba, chofè a gen pou l di w apa bus la vid toujou. M rele bagay sa a : « sendrom negriye». Paregzanp, lè ou gran yon gwo school bus ki ka pote anviwon 60 moun, chofè yo toujou fèl pote pou pi piti 90 moun. E le gen anpil blokis pa vrèman gen machin kafou ayopò, grenn sa ou jwenn nan li konn pote jiska 120 moun. 

Chofè yo

Gen plizye kategori chofè. Gen sa ki se propriyetè, gen sa ki lwe epi genyen ki sou kontra. Sa ki propriyetè a se yon moun ki achte oubyen yo fè kado yon machin. Li kapab tout yon moun ki deside rantre nan biznis lan konsa konsa oubyen yon chofè ki t ap travay nan yon sektè a oubyen nan yon lot sektè epi ki deside achte yon bus pou travay ak  tèt li. Gen yon lòt kategori se kwè li machin. Moun ki kwè a se souvan yon chofè ki te deja nan sektè a, ki konn sikwi yo byen epi ki deside lwe yon machine pou l travay. Denye kategori a se yon propriyete ki gen yon machine epi ki deside bay yon chofè machin nan pou yon tan determine epi l ap gen yon montan lajan x ki fiks pou l bay chak tan. Men apre tan sa fini si tout bagay pase byen machin nan ap pou chofè a men si gen enkonvenyan kontra sa a ka bout san l poko fini. Nan 3 kategori sa a se chofè ki sou kontra a ak chofè pwopriyetè a ki pi pran swen machine nan.

Moun ou jwenn anndan bus la 

Nan estasyon bus la pou sikwi Bon-repos/kafou Ayopò, lè bus la apenn koumanse chaje ou jwenn anpil machann ap rantre vin vann. Lè bus la koumanse plen ou jwenn yon bann moun (timoun oubyen granmoun) vin defile k ap mande. Nan moun sa yo ou konn jwenn sa ki di yo se avèg, genyen ki di yo malad gen sa ki di tou se travay yo p ap travay e  se nou menm pasaje ki pou ede yo. Lè bus la fin chaje li derape ou pral jwenn moun ki di yo se ajan maketing ki pral prezante w swa prodwi elektronik, swa bagay pou moun manje, swa remed medsin natirel oubyen prodwi famasetik ki bon pou tout kalite maladi.

Pou regile keksyon tranpo piblik nan peyi a

Apre dekre 1976 ak modifikasyon l nan lane 80, projè lwa sou estrikti ki rele ANATRANS lan ke palmantè yo pa janm travay sou li, Leta Ayisyen pa vrèmen fè kichòy pou regile sektè sa a. Men pandan 2 fwa nan 2 manda Preval yo, Leta te eseye achte kèk bus yo di pou chanje imaj transpò a sitou pou sikwi ki pa two long yo. Men tout moun  ki li nan lèt fen konn poukisa sa te fèt : se te pou Preval te fèmen bouch yon banm sendikalis kowonpi ki te kapab glise po fig anba pye l. se sak fè majorite bus sa yo fin kraze e pèson pa janm konnen kisa konpayi sa yo regle ak lajan yo ranmase yo. Pou transpò vil provens yo gen ti amelyorasyon ki fèt men globalman nan peyi a sektè sa a ap mache trè mal. Se sak fè Leta Ayisyen dwe envesti bon jan lajan ak pran bon jan mezi pou regile sektè sa e leta ta dwe menm projte mete tren pou pèmèt moun yo deplase pi byen soti nan yon vil ale nan yon lòt.


Nou sot wè keksyon transpò a nan peyi se yon bagay tèt chaje. Chak antite, chak moun fè sa yo vle. Sendika, lapolis ak lameri ki ta sipoze chita ansanm menm pou mete lòd nan nivo pa yo nan sans pou proteje pasaje yo, chofè ak mèt machin yo,  nou wè se pa sa ki fèt. Tout moun ak antite sa yo se pou lajan y ap gounen. Nan sans sa a leta santral ta sipoze pran keksyon transpò piblik la an chaj pou mete lòd ladan nan sousi pou proteje izaje yo, propriyetè ak chofè machin yo. Men pou sa fèt dwe gen bon jan lajan ki envesti pou kreye ‘gare routiere’ fè  wout,  mete tren epi mete bon jan estrikti piblik lejitim pou jere tou sa yo. Men pou sa fèt fòk nou gen yon lòt leta kote lavi chak grenn ayisyen konte.

Alphajun, 8 juillet 2021



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Ki konsekans PÒNOGRAFI (pornographie) genyen sou sèvo ?